Risograph
Enprimant Risograph yo se machin enpresyon dijital gwo vitès ki itilize yon teknoloji enpresyon ki konbine avantaj enpresyon dijital ak prensip enpresyon pa estansil. Teknoloji sa a pèmèt pwodiksyon rapid ak ekonomik pou gwo kantite kopi, pandan li bay yon kalite enpresyon ki inik epi pwofesyonèl.
Kijan teknoloji Risograph la fonksyone?
Kontrèman ak yon fotokopyè oswa yon enprimant lazè ki enprime chak fèy endividyèlman, machin Risograph kreye yon (master) sou yon fèy estansil espesyal. (Master) yon fwa li fin prepare, machin nan kapab enprime dèsantèn kopi avèk yon vitès ekstraòdinè, san li pa bezwen rekreye imaj la chak fwa.
Poukisa pou chwazi yon machin Risograph?
-
Enpresyon rapid: Gen modèl ki rive enprime jiska 190 paj pa minit, sa ki fè yo ideyal pou gwo travay enpresyon.
-
Pri ki ba pou chak kopi: Plis kantite kopi yo ogmante, se plis pri enpresyon an diminye, sa ki fè Risograph la se youn nan pi bon solisyon pou gwo volim.
-
Bon kalite enpresyon: Lank espesyal la pwodui koulè solid, tèks byen klè ak imaj ki gen yon aparans natirèl.
-
Konsomasyon enèji ki ba: Paske li pa itilize chalè pou fikse lank la tankou enprimant lazè yo, li konsome mwens elektrisite.
-
Teknoloji ekolojik: Anpil lank RISO yo fèt ak baz lwil legim oswa emilsyon espesyal, epi sistèm nan fèt pou limite konsomasyon enèji pandan enpresyon.
Itilizasyon yo
-
Liv ak manyèl fòmasyon
-
Egzamen ak dokiman lekòl
-
Fèy egzèsis
-
Afich ak feyè
-
Bwochi
-
Bilten enfòmasyon
-
Jounal ak magazin
-
Kaye
-
Fòm administratif
-
Pwogram evènman ak lòt dokiman ki mande gwo kantite kopi

SF5130 EIIU

SF5450 EIIU
SF9490 EIIU


SF5230 EIIU


