ComColor
Enprimant ComColor yo fèt pou enprime gwo volim dokiman an koulè oubyen nwa ak blan nan yon vitès trè wo Li itilize teknoloji FORCEJET inkjet ak tèt enpresyon fiks ki pèmèt papye pase anba tèt enpresyon yo san rete, sa ki ogmante vitès ak efikasite.
Karakteristik prensipal
-
Li kapab enprime jiska 100–165 paj pa minit, selon modèl la.
-
Fòma A4 ak A3
-
Li enprime an koulè oubyen nwa ak blan.
-
Li genyen fonksyon Enpresyon, Kopi epi Eskanerizasyon (nan modèl ki ekipe ak eskanè).
-
Enpresyon rekto vèso otomatik .
-
Kapasite pou enprime plizyè santèn milye paj pa mwa, selon modèl la.
-
Li Konsome mwens elektrisite pase anpil enprimant lazè paske li pa itilize chalè pou fikse lank la.
Avantaj
-
Vitès eksepsyonèl pou gwo kantite travay.
-
Pri enpresyon pa paj trè konpetitif.
-
Bon kalite pou dokiman biwo, liv, manyèl, egzamen, fakti, fòmilè ak materyèl maketin sou papye òdinè.
-
Li pare pou enprime nan apeprè 5 segonn.
-
Posibilite pou ajoute opsyon tankou agrafez, pliye dokiman ak gwo plato papye pou ogmante pwodiktivite.
An rezime, RISO ComColor se youn nan pi bon solisyon pou biznis oswa enprimri ki bezwen enprime anpil paj rapid, ak yon pri fonksyònman ki ba, pandan y ap kenbe bon kalite pou dokiman pwofesyonèl.

ComColor FT 5230

ComColor FT 5430

ComColor FT 5430 plis lòt akseswa

ComColor GL 7430


