Manman Lwa (Estati)

1- Entwodiksyon

 

Chapit I- Non, dire, syèj sosyal ak mwayen aksyon yo.


Atik I. Non – Nan lide pou fè pwomosyon lang kreyòl la nan Ayiti epi aletranje, pou mennen li nan yon nivo devlòpman ki pi djanm, Kopivit L’Action Sociale (KLAS) avèk Kelkès lanse kreyasyon ANBAKEE (Anbasadè Kreyòl Elèv ak Etidyan) ki se yon asosyasyon nasyonal: ANBAKEE nasyonal ki ap laji kò li nan tout peyi a sou fòm ANBAKEE rejyonal ak ANBA- KEE lokal.


Atik 2. Bi – Bi ANBAKEE se fè pwomosyon lang kreyòl la nan tout kote yo ap fonksyone antan yo ap bay jèn yo yon kote pou yo patisipe nan devlòpman lang kreyòl la, yon jan pou langkreyòl la vin sèl lang ofisyèl.

2.1- Vizyon nou, rèv nou:
2.1.1- yon peyi kote kreyòl se premye lang, 2.1.2- yon peyi kote kreyòl pale san baboukèt 2.1.3- yon peyi kote nou pale kreyòl avèk fyète2.1.4- yon peyi kote kreyòl se sèl lang ofisyèl.

2.2- Misyon nou
2.2.1- Se fè jèn yo renmen lang yo ak kilti yo
2.2.2- Se fè pwofesè lang kreyòl yo reyini antre yo, pou

fòme asosiyasyon, pou bay kreyòl la jarèt
2.2.3- Se fè ministè yo a ak leta konnen yo dwe respekte

konstitisyon an nan zafè lang,
2.2.4- Se fè tout kote, tout moun konnen alawonnbadè ti-

moun yo gen dwa lengwistik, yo gen dwa pale kreyòl

libelibè.

2.2.5- Se fè yon plan estratejik pou kreyòl la vin sèl langofisyèl nan peyi Ayiti

2.3- Pyès Idantite ANBAKEE

2.3.1- Yon IM : se « noumenm jèn » ki se im Ayiti, Fyète nou. Men avèk yon estwòf espesyal pou Anbasadè lang kreyòl ak kilti nou. Men IM nan :

REFREN 1

Se noumenm jèn elèv ak etidyan

Se noumenm gran ak piti yo

Demen yon glwa pou Ayiti

Ak kè kontan ak tout fòs nanm nou

Toujou n ap vanse pi devan

Avèk fyète tèt nou byen wo.

  1. 1-  Nou vle pou lang kreyòl nou an Blayi nan tout lekòl nou yo
    Nou vle pou kreyòl sèl kòk ki chante Toupatou nan peyi nou an
    Nou vle li nan sèvis Leta yo
    Nou vle li tou nan Lajistis
    Yon sèl lang ofisyèl nou vle wi
    N ap pale li avè fyète.

  2. 2-  Nou vle pou lang kreyòl nou an Blayi nan tout lekòl nou yo
    Nou vle pou n pale si san baboukèt Se li ki lang natif natal nèt

    Zansèt yo pou nou te kite li Kreyòl pale kreyòl konprann vreYon sèl lang ofisyèl nou vle wiN ap pale li avèk fyète.


REFREN FINAL 2

Nou se yon pèp ki toujou byen vanyan

Nou se pitit yon ras ki djanm

Yo te libere Ayiti

An n vlope nou nan glwa zansèt yo

An nou mache men nan lamen

Avèk fyète, tèt nou byen wo.

2.3.2- Yon DEVIZ :
- Kreyòl san baboukèt!

2.3.3- Yon DRAPO: nwa, wouj ak jòn ki fòme konsa:

  • -  2 triyang, youn nwa, youn wouj, ki kole youn ak lòt, nan sans orizontal, pou fòme yon gwo rektang;

  • -  nan mitan gwo rektang lan gen yon ti rektang koulè jòn ki gen ensiy la, jan nimewo 2.3.4 la detaye ensiy la; anplis «Kreyòl san baboukèt» ekri anwo andedan rektang jòn nan, «ANBAKEE» ekri anba andedan rektang jòn nan;

  • -  nan drapo a, triyang nwa a anlè, triyang wouj la anba;

  • -  kapab gen franj dore arebò 4 kote drapo a.

    2.3.4- Yon ENSIY: mòn nan mitan, avèk yon tanbou agoch + yon lanbi adwat.

    2.3.5- Yon INIFÒM BATAY : djin + mayo ble ak yon INIFÒM Gran SEREMONI :

    2.3.6- Yon PEDAGOJI: jèn annaksyon, ki baze sou twapilye: planifikasyon, aksyon, evalyasyon (PL AK E)

    2.3.7- Chak manm ANBAKEE dwe gen yon liv “Lanbi rasanble” ki gen ladann:
    - istwa lang kreyòl isit ak lòtbò dlo
    - moun ki te voye kreyòl monte depi dikdantan,

    - wòl ak misyon Akademi Kreyòl Ayisyen - konstitisyon Ayisyen yo ak lang kreyòl
    - dwa lengwistik, konvansyon dwa timoun,

- chante sou lang kreyòl
- Estati ak règleman ANBAKEE

2.3.8- Yon pwomès
Mwenmenm entèl ........................ (Non ak siyati) - ak tout fòs mwen,
- nan tout libète
- devan dirijan ANBAKEE yo, devan tout zanmi mwen ki prezan:
mwen rekonèt kreyòl la se yon gwo moso nan idantite mwen, epi mwen sèmante pou m travay ba li jarèt.

 

Atik 3. Syèj sosyal –ANBAKEE yo gaye sou tout tèritwa peyi a / Repiblik Ayiti. Dire lavi yo se pou toutan. Syèj sosyal yo se nan Pòtoprens, nan lokal Biwo Kopivit L’Action Sociale (KLAS).

 

Atik 4. Mwayen aksyon yo – Mwayen aksyon ANBAKEE nasyo- nal la se kreyasyon ANBAKEE lokal yo, nan komin, katye,lokalite, nan tout depatman jewografik peyi a. Yo dakò akmanman lwa ANBAKEE a, epi ak règleman jeneral yo ki pèmèt bon fonksònman nan ANBAKEE lokal yo.

 

Atik 5. ANBAKEE nasyonal la ki fòme ak ANBAKEE rejyonal epi ANBAKEE lokal yo se yon asosyasyon kiltirèl, literè ak syan-tifik ki ap ofri sèvis benevòl nan devlòpman lang kreyòl la.

Chapit II- Relasyon yo

 

Atik 6. ANBAKEE nasyonal la, ki dirije ANBAKEE depatmantal ak ANBAKEE lokal yo, se yon asosyasyon ki sou kont KopivitL’Action Sociale (KLAS) avèk Kelkès. Li pa afilye nan okennpati politik epi li pa aksepte okenn kò konsa anndan li. Li pa aksepte tou okenn deba sou politik patizan, sou relijyon fèt anndan li.

 

Atik 7. ANBAKEE yo devlope relasyon patenarya ak lòt ògani- zasyon tankou lekòl, inivèsite ak lòt asosyasyon ki ap travay nan bi ki sanble ak bi pa li yo. Epi li ofri kolaborasyon li yo ak

tout lòt òganizasyon sa yo, yon mwayen ki pèmèt nan sansibi- lizasyon Anbasadè Kreyòl Elèv ak Etidyan yo.

Chapit II – Manm yo


Konsèy yo – Kotizasyon – Asanble jeneral


Atik 8. Manm yo

  1. a)  ANBAKEE nasyonal regwoupe tout manm kowòdonatè ANBAKEE depatmantal yo, ki se manm aktif,
    Manm onorab, Konsèy nasyonal chwazi epi Asanble jeneral la vote, Manm byenfetè konsèy nalsyonal la chwazi.

  2. b)  Tout Anbasadè yo, nan ANBAKEE depatmantal ak lo- kal se manm aktif.

  3. c)  Tout nouvo manm ki antre nan ANBAKEE, ki ponkò Anbasadè se manm aderan.


Atik 9. – ANBAKEE nasyonal la genyen de espesyal katagori manm. Se:

  • -  Manm onorab, ki se pèsonalite Asanble a rekonèt vote yo epi remèt yo yon diplòm,

  • -  Manm sipòtè (byenfetè), konsèy la chwazi pou sipò yo pote pou fonksyònman ANBAKEE.

    Atik 10. Kotizasyon: Pou fonksyònman ANBAKEE nasyonal,depatmantal ak lokal, konsèy nasyonal la fikse yon kotizasyonAsanble a vote, pou manm aktif yo peye chak ane.

    Atik 11. Konsèy yo: Eleksyon yon konsèy k ap dirije lè Asanble jeneral la pa reyini.

    Konsèy depatmantal: Yon konsèy k ap reyini chak 3 mwa, ouben lè sa nesesè. Konsèy sa a genyen:
    - 2 koprezidan, yon fi ak yon gason,
    - 2 kosekretè, yon fi ak yon gason,

    - 2 kotrezorye, yon fi ak yon gason,
    Manm konsèy sa a, yo chwazi yo nan eleksyon pou 2 lane, pandan Asanble jeneral depatmantal la.

 

Konsèy nasyonal: Gen yon total 12 manm:
- 1 manm ki soti nan KLAS (Kopivit L’Action Sociale) - 1 manm ki soti nan Kelkès (........................................) - 10 manm ki soti nan Konsèy depatmantal yo.

Chak konsèy depatmantal chwazi yon delege konsèy li a, pou fòme konsèy nasyonal la ki gen 10 manm.


Atik 12. Asanble jeneral depatmantal:

- Li reyini chak ane nan mwa novanm pou eli yon kowòdi- nasyon pou ANBAKEE depatmantal la, ki gen 6 manm, chak de zan.

o evalye fonksyònman tout ANBAKEE kominal ak lokal yo,

o pousanksyonerapòkowòdinasyondepatmantalla,o pou chwazi yon delege depatmantal pou reprezante

K.D. nan kowòdinasyon nasyonal la, chak dezan.


Atik 13. Asanble jeneral nasyonal:

- Li reyini chak ane nan mwa novanm pou:
o sanksyone rapò kowòdinasyon nasyonal la,
o evalye fonksyònman tout ANBAKEE depatmantal

yo,
o resevwa chak dezan 10 delege K.D. yo, pou fòme

kowòdinasyon nasyonal la.

 

Chapit III – ANBAKEE lokal yo / Fonksyònman

Atik 14. ANBAKEE yo fòme nan lekòl fondamantal 3èm nivo, nan lekòl segondè, inivèsite ouben nan asosyasyon jèn ki vle pati- sipe nan fè pwomosyon Lang Kreyòl la.

 

Atik 15. Yon ANBAKEE genyen 3 seksyon : ANBAKEE(1), AN- BAKEE(2), ANBAKEE(3), ouben li konpoze ak yon seksyon ANBAKEE, de (2) seksyon ANBAKEE, twa (3) seksyon AN- BAKEE. Chak seksyon eli yon kowòdonatè ki se pòt pawòl ANBAKEE a. Si li gen 2, 3 seksyon, yo eli yon kowòdonatè jeneral pami kowòdonatè yo.

 

Atik 16. Manm yo – Chak seksyon genyen swa nèf (9), onz (11), trèz (13) manm. Manm yo travay separeman pou fè aktivitepwomosyon kreyòl la dapre defi ki fikse pou chak nivo AN- BAKEE (1), (2), (3)]. Men tout manm yon ANBAKEE [swa ANBAKEE (1), (2),(3) reyini yon fwa nan mwa a pou gadeansanm pwogrè chak manm nan leve defi yo.

 

Atik 17. Kondisyon pou Jèn Anbasadè Kreyòl Elèv ak Etidyan Nivo (1)

Pou yon jèn Anbasadè Kreyòl Elèv ak Etidyan nivo 1, fòk li: enskri nan yon ANBAKEE

  •   gen laj 15-17 lane

  •   nan yon lekòl fondamantal 3èm sik, segondè, ini-

    vèsitè ouben nan yon asosyasyon jèn ki onèt

  •   leve tout defi ki pou ANBAKEE a, diran 1-2 lane

  resevwa yon atestasyon, li pare, nan men yon sipèvizè

selil pedagojik ANBAKEE ki di li pare pou envesti li kòm Anbasadè Kreyòl Nivo (1)


Atik 18. Kondisyon pou Jèn Anbasadè Kreyòl Elèv ak Etidyan Nivo (2)

Pou yon jèn Anbasadè Kreyòl Elèv ak Etidyan nivo 2, fòk li: te Anbasadè Kreyòl nivo (1)

  •   gen laj 18-20 lane

  •   nan yon lekòl segondè, inivèsitè ouben nan yon aso-

    syasyon jèn ki rekonèt

  •   leve tout defi ki pou ANBAKEE (2) an, ant 1-2 lane

  •   li enskri nan yon ANBAKEE (2)

  •   resevwa yon atestasyon, li pare, nan men yon sipèvizè

    selil pedagojik ANBAKEE ki di li pare pou envesti li kòm Anbasadè Kreyòl Nivo (2)


Atik 19. Kondisyon pou Jèn Anbasadè Kreyòl Elèv ak Etidyan Nivo (3)

  •   gen laj 21-23 lane

  •   nan yon lekòl segondè, inivèsitè ouben nan yon aso-

    syasyon jèn ki rekonèt

  • Pou yon jèn Anbasadè Kreyòl Elèv ak Etidyan nivo 3, fòk li: te Anbasadè Kreyòl nivo (2)

  •   leve tout defi ki pou ANBAKEE (3) an, ant 1-2 lane

  •   li enskri nan yon ANBAKEE (3)

  resevwa yon atestasyon, li pare, nan men yon sipèvizè

selil pedagojik ANBAKEE ki di li pare pou envesti li kòm Anbasadè Kreyòl Nivo (3)


Atik 20. Seyans solanèl envestiti Anbasadè Kreyòl

  • Chak de (2) zan selil pedagojik ANBAKEE òganize:

  1. a)  yon seyans solanèl pou envestiti chak gwoup Anbasadè

    kreyòl yo (Niro 1, 2, 3).

  2. b)  yon kongrè bilan ak Anbasadè (3) yo ki ap kite ANBA-

    KEE yo.

 

Atik 21. Angajman chak Anbasadè
Nan seremoni solanèl la chak manm yon ANBAKEE (1), (2), (3) pwononse yon pwomès pou pran angajman pou tra- vay pou fè pwomosyon Lang Kreyòl la, pou devlòpman li pou li vin pi djanm, nan peyi a ak aletranje toupatou kote ayisyen ap viv.


Atik 22. Chak Anbasadè resevwa aprè angajman li yon sètifika akyon meday pou grad li Jèn Anbasadè (1), (2) ouben (3).


Atik 23. ANBAKEE yo fonksyone nan tout peyi a diran lane sivil la. Manm ANBAKEE yo se volontè ki angaje yo pou kore Lang Kreyòl la epi fè pwomosyon li nan aktivite benevòl san touche lajan pou sèvis yo.


Atik 24. Chak ANBAKEE òganize li pou fonksyònman li, jesyon li, administrasyon li parapò ap pwòp resous li : resous moun, resous lajan, manm yo ak kèk donatè bay.


Atik 25. Api Kopivit L’Action Sociale (KLAS) avèk Kelkès pou devlòpman ANBAKEE yo:

Kopivit L’Action Sociale (KLAS) avèk Kelkès kreye yon selil pou apiye ANBAKEE yo, ki ap okipe ankadreman ak sipèvizyon yo.

 Selil sa a ap jwe wòl animatè pedagojik sèlman, san li pa antre nan fonksyònman ANBAKEE a.


Atik 26. Selil pedagojik pou ANBAKEE a fè vote chak 2 – 3 lane nan asanble jeneral:

 defi ki fikse pou jèn yo ka vin Anbasadè Kreyòl.
 ki non otè, chak pwomosyon Anbasadè Kreyòl (1),

(2), (3) ap pote.
 ki kritè (kritè yo revize) pou yon jèn antre nan yon

ANBAKEE.


Atik 27. Selil pedagojik pou ANBAKEE yo ap fikse yon règlemanjeneral pou pèmèt ANBAKEE yo fonksyone pi byen. Chak ANBAKEE kapab gen pwòp ti règleman pa li ki pa depaman ak manman lwa, règleman jeneral ANBAKEE nasyonal la.


Atik 28. Defi pou leve pou vin Anbasadè Kreyòl Elèv ak Etidyan

Defi yo devlope nan anèks manman lwa a, li fè pati règlemanjeneral yo, selil pedagojik la kapab modifye yo chak 3-5 lane si gen nesesite.


Atik 29. Disolisyon yon ANBAKEE lokal

Yon ANBAKEE kapab deside pa egziste ; konsa li ap si- spann fonksyone pou toutan. Pousa, fòk li reyalize yon asanble pou pran desizyon an an prezans totalite manm yo. Epi se 3⁄4 manm yo ki pou vote (WI) pou pèmèt ANBAKEE lokal la kraze. Dokiman ak byen li yo ap pase pou yon lòt ANBAKEE ki pi pre a.


Atik 30. Pou tout lòt pwen ki pa trete nan manman lwa a, selil ped- agojik la ap refere li nan règleman jeneral yo pou ankadre- man, akonpayman, swivi ak kontwòl ANBAKEE yo pou yon fonksyònman nan lòd ak disiplin.


Fèt nan dat 23 janvye 2018, nan Pòtoprens.